top of page

FON TI CHITA



Granmoun lontan g'on mòd depi yo pral chita, yo fon ti vanse chèz la.


Selon kwayans lan, ou pa konnen vre kisa moun ki te chita avan t'ap regle donk ou fon ti vanse chèz la pou ou pa chita nan menm rès enèji moun sa.


Eske se vre? Eske s'on mit?


Sa se ou kap chwazi, sèl sa m'ka di pito se yo ki gen rezon paske granmoun lontan pa fè anyen pou granmesi.


Nanpwen lafimen san dife, fon ti chita pou reflechi.

 
 
 

Comments


Subscribe Form

Thanks for submitting!

  • Twitter
  • Instagram
  • Facebook

©2020 by Setwoulemski. Proudly created with Wix.com

bottom of page