top of page

LÈ M' MOURI M'AP VIV ANKÒ

"Premye fwa mwen kwaze a lamò, lavi a te fin pran tout sa mwen genyen. Pou jan lakay te bon o, mmh koze sa mande fon chita vre.


"M'pa fasil repete non peyi sila men pa gen kote mwen te renmen konsa. Nèg pat bezwen prens pou nèg te viv alèz, anba lamou manman an ake gidans papa a selon Lelwa mande. Men apre lavi se lamò se sa Lelwa di.


"Mwen te toujou fè sevis latè, mwen pa t' janm panse si mwen te ka pase mal. Nou te toujou konn tande pale de sovaj yo, depi yo pase se lamò a dezolasyon yo kite.


"Se konsa yo ravaje lakay, yo mache rache zantray. Jou sa mwen pèdi madanm a pitanm paske yo te pran m' lage nan bato. Mwen pran kou pase dyab, tèlman yo pa te ka kenbe m'. Dènye souvni m' se pitanm a dlo nan je k'ap rele amwey o, mmh.


"Mwen reveye de men de pye nan chenn. Ti frè anm ki te nan lo a tou, te a dlo nan je lè li resi wè m' leve. Tout tèt mwen a po bouch mwen anfle, poutan se li map konsole. Fanm kou gason mare, moun anba moun anlè. Gen sa k'ap kriye gen sa k'ap senyen, nan yon prizon sou lamè.


"Nou pa te fouti konnen lejou ak lanwit, nou tèlman fè tan sou dlo anpil kòmanse malad. Epi yon jou yo vin pran ti frè anm ak kèk lòt, yo trennen yo tou anchene pou al jete yo. Nou te konn tande pale de sovaj yo vre, men mezanmi pito yo te banm yon sèl kout kouto.


"Yo trennen piti a tou malad, l'ap vomi l'ap kriye. Epi pou m'rete la ap gade mechan yo k'ap pote zantray mwen ale. A m'pa kache di ou, se la m'te konnen mwen pral mouri tou. Zafè!


"Mwen pouse yon sèl rèl tankou se gòj mwen ki eklate epi m' detire tout fòs mwen sou chèn lan, Toup! Ponyèt dwat mwen kase men mwen rive libere, m'tou vòltije nan kòlèt mechan ki t'ap veye nou an. Mwen frape misye atè 2 pye long. Li pa menm bat.


"Lè mwen monte sa pran nenpòt 7 jèn gason pou rive kenbe m' malgre sa m' kite anpil a mak sou yo. Anba nan kacho a ras mwen yo t'ap chante mirak mwen sot fè selon Lelwa pa mwen. Kapitèn bato a rive sou mwen, je mwen tou wouj tou kale sou li, fòk ou montre mechan an ou pa pè li. Frèm anm te la toujou, tou febli li lonje men ba mwen, adje o mmh.


"Mechan yo vin konprann pouki mwen revòlte, kidonk kapitèn lan rale kouto l' san reflechi, epi li plante l' nan kè ti frè anm. Wouy poukisa li pa t' fèm sa pito?


"Mezanmi o, mmh...


"Mmmmhh....


"Adje o, li fèm wè li touye l' epi aprèsa li òdone yo lage m' nan dlo a. Mezanmi mwen fin pèdi tout ras anmwen, ke lamè vale rès mwen. Premye fwa mwen mouri, lavi a te fin pran tout sa mwen genyen. Men apre yon lavi se yon lòt se sa Lelwa di.


"Dezyèm fwa mwen viv bagay yo te vrèman diferan. Nan lavi sa mwen te parèt tou bèt, lamè a te vomi m' epi pechè lèzòm yo ranmase m'. Yo banm swen, yo banm manje men malgre sa lè nou rive sou latè, yo vann mwen kanmem.


"Peyi sila mwen pa t' renmen l' menm paske se sèvis lèzòm ou fè ladann lè ou se bèt tankou m'. Mwen te swete pou lavi sa fini vit paske lè ou se bèt lamizè, lamò vin tounen yon rèv.


"Nan peyi sa yo aprann nou gen yon Blandye nan syèl ki fè lèzòm sanble avèk li pou domine latè, e ki fè nou kòm bèt pou sèvi moun li. Yo di li se limyè, nou menm yo rele nou ras fènwa. Yo di li se lanmou ak padon, pandan y'ap fè nou bourike ak baton. Pitit li yo renmen tchoul bat pou ou pa fè bouch yo long, sinon w'ap pran fwèt nan rèl do ou pou pa chape.


"Mmh, peyi sila mwen pa t' renmen l' pyès pou tèt se Blandye yo sèvi ladann. Men apre soufrans se ladelivrans se sa Lelwa di. Lè nouvèl la resi gaye ke timoun nan Nò revòlte, li te lè li te tan.


"M'fè tout lavi m' nan peyi sa anba bòt lamechanste, tout lane sa yo mwen t'ap vale fòs mwen. Ah monchè m'pa kache di ou, jou sa tout bèt lakou gaye, domestik tounen sovaj. Pou dat y'ap peze grangou nou a rès manje kochon, jou sa fòk ou ta di Ginen yo kole dan sou pitit Blandye mechan. Trennen yo devan Lelwa pou jistis.


"Mechan yo te fèmen yon ti pitit nan kote yo gade chwal, pou yo te kouche li chak swa. lè yo wè y'ap pèdi lakou a yo mete dife sou kote a avan yo lage. Mmh, monchè ou wè depi talè a m'ap salye Lelwa, fò m' di ou se li ki te fòs ki kase chenn mwen, e se li ki te mande lamè pou voye m' retounen.


"Se jou sa mwen konpran pouki li te ofri m' yon lòt lavi. Se pou m' te ka sove chovi pa li paske se sèl mwen ki te konnen ti malerèz la nan mitan dife an, se sèl mwen ki janbe flanm yo al sove l'.


"Mmh, Lelwa mwen toujou kanpe avèk mwen nan fon lamè kou dife, non li se Nèg Anfè.


"Jounen jodia ou wèm kouche sou kabann ap plenn, se jou m'ap konte. Tout mak brile sou kò m', tout soufrans mwen se fyète m' paske lè m'ap gade jan ti Dada vin bèl pou sa li travèse mmmhh.


"Ou konprann ke mwen retire li a de men m' nan lanfè pitit Blandye pou li sa viv ankò, mmmh, e selebrasyon jodi a fèm santi mwen mèt brile e rebrile ankò chak fwa si se pri sa pou pitit Vodoun yo ka delivre anba mechanste moun Blandye.


"Wi se jou m'ap konte la gason m' paske apre soufrans se ladelivrans, e lè mwen mouri m'ap viv ankò se sa Lelwa di."


Yon gout dlo koule desann nan je pè Jak lè li fin di pawòl sa, a chak li reviv istwa sa yo li reviv doulè yo tou. Men li te enpotan pou li kominike l' paske jou li te konte. Se pou sa li te mande Jeneral nan Nò a pou te vin pran denyè mesaj sa avan li janbe bò.


Jeneral la pa t' disponib vre nan jou sa yo kidonk li voye youn nan pi bon solda li e ki te yon nèg ki te aprann li ak ekri tou. Pè Jak rale yon mouchwa nwa li siye je l' epi li kontinye ap pale.


"Monchè o mmmh, peyi sa tèlman gen malè ki fèt sou li fòk timoun yo pa ta janm bliye. Mwen byen kontan jeneral la voye ou pou ekri mesaj la, sa pi bon nèt. Se gwo bagay wi lè yon nèg edike sonje listwa, pèp Blandye pa fouti vin bay ou manti ankò pou di ou pa moun. Kenbe la nèg pa, se koman ou te di m' rele ankò?"


"Avan fò m' di ou mèsi anpil pè a pou pawòl sa yo, se vrèman yon lonè pou mwen gen chans rekonèt ou. lè mwen te piti nan lakou yo te konn rele m' ti Jan, men manman m' te toujou vle m'pote non granpè m' nan Ginen, Ati Tunte."


"An ok… Ok Titoute, se sa? Yon bèl non vre wi. Monchè mwen fè ou rate selebrasyon an se vre men se pa san rezon se ou ki vini vre la ou sanble bon nèg Ginen, zafèm pa m' yo. Li enpòtan vre pou nou pa bliye zantray yo, li enpòtan pou timoun ras fènwa yo konn listwa. Pou yo konnen sa Vodoun manman yo fè pou yo, pou yo konprann ke papa yo brile nan lanfè pou yo. Si yo bliye sa eben Blandye deja tounen pran peyi sa.


"Di timoun yo pa pè lamò, paske y'ap reviv ankò selon Lelwa pa yo. Sa se pi gwo sekrè m'te ka pataje avèk ou la, gade m' byen pou ou wè. Yo jete m' nan lamè, mwen pase nan lanfè malgre sa mwen la toujou paske mwen te fè sèvis latè, e Lelwa m' te toujou nan kè mwen.


"Li menm banm chans pou wè yon twazyèm lavi kòmanse, kote mwen pa yon bèt pou Blandye. Apre jodia lamò te mèt vini, l'ap jwenn mwen kouche nan Libète, Egalite ak Fratènite nanchon Ginen."


Ati rete an silans lè Pè Jak fin pale, sila te fatige anpil men li fè yon efò pou lonje mouchwa li bay misye, men li tou ap tranble tèlman li te fèb.


" Pran li non nèg, rès travay la nan men ou se sa Lelwa mande. Mwen m'fin granmoun kite m' wè si m'a pran yon ti repo.





Ati pran mouchwa epi li deside kan mèm rete chita bo kabann lan jouk lepè a domi.


Depi lè malere a fin boule a li t'ap reziste a lanmò jis pou li te ka wè jounen jodia, kote yon nanchon te pran nesans apre batay kont mechanste.


Se te Premye Janvye 1804 kote tout yon peyi nèg nwè t'ap selebre endepandans nan yon epòk kote menm legliz te konn di yo se bèt.


Yo montre tout lemond antye ke je yo kale, yo montre yon legliz Blandye ke yo pa egare. Men mechanste pa t' kanpe la, li jwen mwayen kan mèm enfiltre pèp Kreyòl la pou ka kontinye fwa sa ak esklavaj mantal. Fè yo kwè yo pa anyen san blan, jouk yo rive pa vle wè Ginen zantray manman.


Pitit Vodoun, pa dezespere menm si ou ta remake timoun yo fin bliye listwa. Ti kal ti kal travay la ap vanse pou liberasyon mantal, paske apre soufrans se delivrans, apre inyorans se transandans.


Kidonk menm si yo di Ayiti fini, nou kapab toujou rebati yon lòt se sa Lelwa di.




Mèsi dèske ou pase ;)

Setwoulemski


Pou plis bon bagay, ou ka ajoute m' sou Instagram, Twitter ak Facebook


Epi pa bliye enski anba paj


Comments


Subscribe Form

Thanks for submitting!

  • Twitter
  • Instagram
  • Facebook

©2020 by Setwoulemski. Proudly created with Wix.com

bottom of page