top of page

DÈNYE BÈL JOUNEN SOU LATÈ BENI

Updated: Dec 5, 2020


Solèy la te kòmanse bese, chèf la fè tout moun siy pou rasanble. Chas la te bon jodia, pou yon fwa yo pap rantre konsa.


Manèks ranje djakout li ak lòt pwovizyon li te tou pran pou sèvi vilaj la. Depi tou piti yo te aprann li sa se Latè beni, nou menm nou se pitit Solèy. Men sèjousi fò ou ta di ke Zemi yo fin ale, jan granmoun yo di. Manèks te santi sa tou, depi apre on vye rèv li fè lotrejou.


Li deside proche Chèf la pou pran konsèy, menm moman on gro bri tankou loray pati fè tout moun sote. Chwal yo pran panik, yo lage. Chak moun kouri dèyè chwal ou. Manèks franchi nan bwa kote li resi jwenn bèt la. Kòd nan kou chwal la te koke nan yon chouk bwa. Li rive kalme li la ak ti karès zòrèy.


"Ni mwen tou m'pa konnen sa k' pase."


Li di chwal la pandan l'ap demare li. On lòt bri pati ankò BLOW ! Chwal vole, Manèks resevwa 2 kout sabo nan pwatrin misye al degringole dèyè. Li woule frape tèt li a tout kò li men on sèl bagay li t'ap panse, Zemi yo sove chwal mwen tanpri.



Manèks al tonbe nan on gro basen dlo, chòk la te ka pi mal. Basen an te fon anpil, men pitit solèy konn dlo tankou yo konn teren yo. Misye eseye grenpe wòch yo pou soti men labou ak limon fè li pede glise. Li rele, pyès moun pa tande li.

Se alò on gwo koulèv blanch parèt tèt li epi plonje nan dlo a. Misye tou pare pou defann tèt li, menm si li san djakout.

Men Koulèv la pa sou bò li epi l'ap file. Po li te tèlman klere anba dlo a je Manèks rive swiv li. Kote w prale konsa?

Manèks rale tout souf li koule dèyè l. Si anlè pa ka sove l' koulèv blanch lan ap fè wout anba pou li. Li file andan on tou anba dlo a, je li pa pèdi koulèv la. Basen sa gen sekrè tande, se naje pou soti pou jwen limyè.


Dlo a mennen li andan on gwòt. Manèks soti tou tranpe, andan te gwo anpil e fènwa t'ap kouvri li si se pat yon boukan dife ki te limen pi devan. On ti granmoun chita a pip li nan men l', ap gade misye. Gen bagay ou fin travèse, ou pa gen pou pè ankò. Manèks pwoche devan epi granmoun lan di l' :


"Chita non pitanm, redi avè m'."


Li lonje pip la, Manèks rale epi li pran touse. Granmoun lan souri, li di misye:


"Se mwen menm yo rele Gran Tita moun ansyen, koulèv lan mennen ou la paske li konn kè ou. Kisa ki ap toumante ou?"


Manèks bliye si li pèdi anba tè, li bliye si li sot manke mouri epi li pran rakonte rèv la. Lakou a t'ap pran dife, granmoun yo ap kouri rele Zemi yo. On gwo bèt nwa t'ap devore timoun yo. Rèv sa te domine Manèks anpil.


Lè li fin rakonte, Grann Tita rale sann nan pip la li voye nan boukan dife a. On gwo zwazo dife jayi nan flanm yo epi disparèt.


"Woy, woy men li, se bèt sa ki te nan rèv mwen an Zemi O !"

Je Manèks te plen dlo a sezisman. Granmoun lan di misye:


"Ah pitanm sa ou wè a se pa bon siy ditou. Zwazo sa toujou grangou se mache l'ap mache ravaje. Li gentan pase nan Gwanayani e si m'pa manti li rive sou nou deja. Se pat loray ki mennen ou la, se Zwazo sa ki t'ap chante. Timoun yo an gwo danje."



"Men poukisa Zemi yo pa kanpe pou nou? Èske yo ale vre?"


"Zemi yo la men yo pa nan goumen pitanm. Zemi se lanmou, yo se lavi. Zemi yo pa Zemi si yo nan vèse san men yo gentan wè tout soufrans pitit tè sa e yo kriye anpil pou sa. Dlo nan je yon Zemès pa yon jwèt, li gen pou sèvi tè sa angrè jouk lalibète donnen, se mwen Gran Tita moun ansyen ki di sa. Ras mwen te la avan ou, yon lòt ras gen pou vini apre ou. Men tout ras gen pou reyini yon jou sou Latè beni pou ladelivrans timoun yo. Ou pap kapab sove yo, men mennen sa ou kapab la nan chimen anba dlo. Koulèv la va kondi nou nan peyi moun ansyen, nan fon latè kote zwazo sa pa rive, pa bliye chimen sekrè sa."


Gramoun lan kanpe li frape men li 3 fwa, dife a tenyen. Manèks pa wè anyen sèlman fòm koulèv la ki mare nan kou madanm lan. Li vanse sou misye epi li di.


"Mwen pap montre ou chimen pou ou soti paske kwè m' si ou vle, lè ou tounen la deyò pa pou ou ankò."


Li frape men li sou fontèn Manèks 3 fwa epi misye tonbe san konesans.




Manèks al reveye bò yon plaj, nan demen maten. Li pa fouti di si se te yon lòt rèv men li sonje pawòl granmoun lan. Pandan misye ap mache pou li tounen lakay, li kwaze pye pou pye ak yon seri moun li pat konn wè ditou.


Rad yo te fèt an fè epi li reflete solèy la kòmsi yo pat bezwen limyè sila. Chak te gen lans file men longè nan men, yo sezi misye epi trennen li. Manèks pa fè rèd l'ap obsève. Lè yo rive devan sa ki sanble chèf lan, yo pouse misye atè devan li.


"Baneke ! "


Manèks pa reponn men sanble moun sa yo t'ap chèche kèk trezò. Yo te gen avèk yo yon gwo moso twal ki pote senbòl yo, yon zwazo nwa ki kenbe yon flanm. Se lè sa misye konpran ke moun sa yo pa vini pou bon, se pran yo vin pran.


"Baneke ! "


Chèf la di ankò, Manèks repete. Chak sa chèf la di Manèks repete. A la fen yo pran li pou egare, yo kite li ale pou li ka tounen a chèf pa li. Men misye te gentan konnen li pa dwe pèdi tan, depi moun sa yo pile tè sa, se pran madanm a pitit epi naje pou soti.


Se te 5 Desanm 1492, Kristobal Kolon te nan tèt on espedisyon ke rèn Espay Isabela Katolik te voye, pou yo chèche yon lòt wout nan lanmè pou rive nan peyi End. Jou sa konsidere nan istwa kòm dekouvèt Ispanyola, men pou pitit Solèy se te dènye bèl jounen sou latè beni.



Kristobal a ras moun li yo volè richès, vyole timoun, yo masakre jiska elimine tout on ras. Yo menm al rache timoun anba bra manman yo nan Afrik pou vin senyen yo sou latè beni.


Kòm rekonpans pou krim sa yo Kristobal Kolon rete kòm yon senbol yo venere paske li te dekouvri nouvo mond, yo bati estati pou li, yo nonmen vil a peyi daprè gwo malfektè sa. Pandan se tan pitit Solèy fin efase, mechan fin souse richès Latè beni, peyi Ayiti.


Men mond n'ap viv lan, pa sezi pou sa. Sonje pawòl Gran Tita te di:


"Zemi yo kriye anpil pou sa. Dlo nan je yon Zemès pa yon jwèt, li gen pou sèvi tè sa angrè jouk lalibète donnen."




Mèsi dèske ou pase ;)


Pou plis bon bagay, ou ka ajoute m' sou Instagram, Twitter ak Facebook


Se yon tèks Setwoulemski

Avèk ilistrasyon Mia.Art



Comments


Subscribe Form

Thanks for submitting!

  • Twitter
  • Instagram
  • Facebook

©2020 by Setwoulemski. Proudly created with Wix.com

bottom of page